So Konpetans Bileng Eta yo se rekonesans ofisyèl yo bay elèv ki gradye nan lekòl segondè epi ki demontre yon wo nivo konpetans nan omwen yon lang ki pa anglè.
Lè yon elèv resevwa yon So Konpetans Bileng, sa ka sèvi kòm prèv konpetans li nan lang ak nan kominikasyon ant diferan kilti. Pwogram rekonpans sa a ede elèv yo elaji opòtinite travay yo epi ranfòse aplikasyon yo pou kolèj. Nan kèk eta, moun ki resevwa rekonpans lan ka jwenn kredi kolèj gratis.
Premye pwogram So Konpetans Bileng lan te etabli nan Kalifòni an 2011, epi depi lè sa a li grandi rapidman. Kounye a, tout eta Ozetazini gen pwogram So Konpetans Bileng.
Règleman ak kondisyon ki konsène So Konpetans Bileng lan diferan selon eta a. Sit entènèt sa a bay elèv, paran, edikatè ak anplwayè zouti ak enfòmasyon yo bezwen pou yo oryante yo nan pwogram chak eta. Objektif la se ogmante konesans sou So Konpetans Bileng lan epi ankouraje plis ekite ak aksè a rekonpans sa a atravè tout peyi a.