Egzanp kesyon egzamen
Egzanp kesyon egzamen
Men kèk egzanp kesyon pou egzamen pale, ekri ak lekti nan nivo entèmedyè ak nivo avanse.
W ap suiv yon kou fotografi pou jèn nan yon pwogram ete nan vil la. Yon elèv ki chita bò kote w kòmanse pale avè w.
“Bonjou, mwen rele Sonia epi mwen nan 11yèm ane nan Riverview High School. Se yon ti lekòl ki gen anviwon 500 elèv. Nou gen aktivite apre lekòl, men nou pa gen fotografi. Ki jan lekòl ou a ye? Ki gwosè li, epi ki moun ki etidye la? Ki kalite aktivite li genyen? Èske ou ka dekri kote lekòl la ye? Mwen ta vrèman renmen tande tout detay sou lekòl ou a.”
Nan lekòl ameriken yo, elèv yo gen anpil devwa ak pwojè. Mwen fèk fini yon pwojè istwa avèk de lòt elèv. Li te difisil. Pale m de yon pwojè ou te oblije fè pou yon kou. Asire w ou bay enfòmasyon sou kou a ak matyè pwojè a te ye a, defi oswa difikilte ou te rankontre, fason pwofesè a te ede w, ak sa ou te aprann pandan w t ap fè pwojè a.
Lè ou kòmanse nan yon nouvo lekòl, se yon opòtinite pou fè nouvo zanmi. Ki kalite kesyon ou poze pou w ka konnen yon moun pi byen epi aprann plis sou li? Ekri omwen 3 oswa 4 kesyon ou ta ka poze yon moun.
(Ou ka poze kesyon sou fanmi li, sa li renmen fè, kou li renmen, kalite aktivite li fè apre lekòl, oswa nenpòt lòt bagay ou ta renmen konnen.)
¿Qué crees que hace a un buen amigo?
¿Qué es importante en una amistad? Comparte un ejemplo de cuando fuiste un buen amigo de alguien, o alguien fue un buen amigo para ti. Describe en detalle la amistad, lo que sucedió, lo que hiciste para ser un buen amigo o cómo el buen amigo te ayudó.
Dapre ou, kisa ki fè yon moun yon bon zanmi?
Kisa ki enpòtan nan yon amitye? Rakonte yon moman kote ou te yon bon zanmi pou yon moun, oswa kote yon moun te yon bon zanmi pou ou. Dekri amitye a an detay: sa ki te pase, sa ou te fè pou w te yon bon zanmi, oswa fason bon zanmi sa a te ede ou.
Ou li atik sa a nan jounal kominotè ki soti chak semèn.
Rekonpans Travay Di
Se mwa jiyè, epi lekòl yo fèmen pou vakans ete. Men, nan Kofi Annan Elementary School, sanble tout elèv twazyèm ak katriyèm ane yo bliye vakans ete a. Elèv yo ak pwofesè yo t ap travay di. Avèk pèl, kaye, plim ak bwat, yo t ap fini yon pwojè syans elèv yo te kòmanse nan sezon prentan an. Chak klas te plante grenn kawòt, mayi ak pwa, ansanm ak kèk ti plant tomat.
Legim yo te grandi pandan sezon prentan ak ete a, epi kounye a yo te pare pou rekòlte. Elèv yo te pran nòt sou gwosè ak kantite legim ki te grandi. Apre sa, yo te lave yo epi klase yo nan bwat. Bwat legim yo te fèt pou yon depo manje kominotè nan katye a, men tout elèv yo te vle goute yo anvan. Pwofesè yo te okipe ap koupe ti moso kawòt pou elèv ki te vle plis. Bri ki t ap soti nan jaden lekòl la te montre pwojè syans sa a pral fèt ankò ane pwochèn. Elèv yo te kapab aprann sou jadinaj, pataje manje ak lòt moun, epi pran plezi manje legim yo. Nou swete yo pral renmen manje legim nan dine ak nan manje midi lekòl la menm jan yo te renmen legim yo te grandi yo.
Ou tonbe sou atik sa a sou entènèt.
Yon Ewo An Silans, pa M. Yang, repòtè katye pou Mountain Press
Pifò moun deja tande istwa sou ewo piblik tout moun ka wè: ponpye ki etenn gwo dife, sovtajè ki sove yon moun, oswa yon moun ki sove yon lavi oswa anpeche yon moun blese grav. Tout katye nan vil nou yo gen chans genyen ewo sa yo, epi yo merite onore yo jan sa dwe fèt.
Katye yo genyen tou anpil ewo ki travay an silans. Pami yo gen Ari Sims, yon moun ki rete nan katye a. Pandan plizyè ane, Ari kenbe lari kote li rete a ak Logan Park pwòp, li plante flè nan kwen lari a, epi li travay an silans pou kenbe lakou rekreyasyon an pwòp epi an sekirite. Chak maten pandan l ap mache, yo ka wè l ap ranmase fatra epi mete yo nan youn nan bwat fatra yo. Pifò moun pa ta panse bwat fatra kòm zouti yon ewo, men pandan plizyè ane, Logan Park pa t gen ase bwat fatra. Sèl bwat fatra ki te genyen an te twò piti pou tout piknik fanmi vizitè pak yo. Se poutèt sa, moun te konn mete fatra yo anba pyebwa, kite yo nenpòt kote, oswa kèk moun te konn pote fatra yo lakay yo. Nan kòmansman ete sa a, apre Ari te ranmase fatra yo nan yon gwo sak, li te mande responsab vil la pou mete plis bwat fatra.
Dosye vil la te montre pak la te sipoze genyen dis nouvo bwat fatra, men lè yo te verifye sa, yo te dekouvri te gen yon erè epi bwat yo pa t janm livre. Semèn apre a, yo te mete bwat yo nan pak la, sa ki te siprann vizitè pak yo anpil. Timoun piti yo te kouri sèvi ak nouvo bwat fatra ak resiklaj ki te gen yon koulè vèt klere.
Lè nouvèl aswè a te prezante istwa bwat fatra yo, Ari pa t vle parèt sou televizyon, men li te dakò pale avè m pou atik sa a. Mwen te aprann semèn pase a, moun nan katye a te kòmanse fè efò pou ranplase ekipman lakou rekreyasyon an ak ekipman ki pi nouvo, ki pi an sekirite epi ki pi enteresan. Yo te kontakte vil la ak biznis nan katye a pou mande don. Toudenkou, moun te kòmanse montre plis enterè nan pak la. Efò Ari te fè an silans pou ranmase fatra yo te fè moun nan katye a vle amelyore eksperyans fanmi yo, timoun yo ak tout moun ki vizite pak la.
Tout bagay te kòmanse ak yon bwat fatra.